Google Classroom
GeoGebraGeoGebra Classroom

Liy Euler

Men twa fason ou ka asosye yon pwen avèk yon triyang. Somè triyang yo ka deplase. Nou ka deplase tout imaj la ansanm. Nou ka fè zoum sou li tou. Pou chak pwen, bay twa obsèvasyon jeneral sou rapò ki egziste ant pwen an avèk triyang lan. San ou pa klike sou “Constructions,” èske ou ka devinen kouman yo te konstwi pwen yo ? (Se posib pou gen plizyè fason ki sanble pami fason ke pwen yo te konstwi. Men, chak fason sa yo mande pou nou veyatif!) Lè ou fin vizyalize jan pwen yo te konstwi, èske ou kapab verifye obsèvasyon ou te fè yo ? Èske ou ka sigjere yon relasyon ki makonnen twa pwen sa yo ? Feyè sa a se yon senp adaptasyon apati fèy egzèsis Judah Schwartz te kreye ki gen menm non an : https://tube.geogebra.org/user/profile/id/25758