Google Classroom
GeoGebraGeoGebra Classroom

Pi lwen pase medyàn lan

Yon rezilta estanda nan jewometri se : nan yon triyang, medyàn yo rankontre nan yon pwen epi youn koupe lòt nan yon rapò 2:1  An nou sipoze nou divize chak kote triyang lan an 2 bout, yon fason pou rapò tout longè kote yo ak pati ki pi piti yo pa bay 2:1, jan sa ye pou medyàn yo, men pito n:1.  Apre sa, trase liy ki sòti nan somè yo pou rive sou pwen sila yo – an nou bay liy sa yo non n-dyàn.  Twa n-dyàn yo pa rankontre nan yon pwen ankò – okontrè yo fòme yon triyang. Ki relasyon ki genyen ant triyang sa a ak triyang orijinal la ? Ki sa ou ka di sou longè segman sa yo ke nou te detèmine apati entèseksyon n-dyàn yo ? Èske ou ka pwouve  {kèk nan, tout} afimasyon w yo ? Nòt: Ou ka itilize fèy kalkil nimerik la pou fè kalkil ou yo. Egzanp: ABC se sifas triyang ABC.  Menm jan an tou, GHI se sifas triyang GHI.  Si ou vle bay non, mete l anndan gimè. Egzanp : tape "ABC” nan yon selil.  Feyè sa a se yon senp adaptasyon apati fèy egzèsis Judah Schwartz te kreye ki gen menm non an : https://tube.geogebra.org/user/profile/id/25758