Kwadrilatè ki gen yon sèk enskri ladan (Trasay somè)

Trasay sa a montre nou yon kwadrilatè ki avèk yon sèk enskri. Nan trasay sa a, nou ka deplase somè A a oswa somè C a pou n ka chanje kwadrilatè a. Èske w ka bay kèk nan pwopriyete yon kwadrilatè kon sa ? Fèy kalkil la montre kèk egzanp longè. Si w vle montre lòt longè toujou, ou ka antre yo nan fèy kalkil la.  Egzanp : si ou vle distans BQ, tape BQ nan yon selil fèy kalkil la. Si ou vle bay non, mete l anndan gimè. Egzanp : tape "BQ =” nan yon selil.