Sòm sifas sèk yo

Ti boul NWA a konekte nan tou lè 4 somè yon rektang. Longè segman ki sòti nan chak somè pou li rive nan ti boul NWA a se reyon yon sèk - Segman BLE yo se reyon sèk ble yo; segman WOUJ yo se reyon sèk WOUJ yo. Nou ka deplase ni ti boul NWA a ni somè sa yo ki nan rektang lan. Sèvi ak fèy kalkil la pou w ka dekouvri relasyon ki gen pou wè ak sifas sèk yo. Ki sipozisyon ou gentan fè ? Èske ou ka pwouve yo ? Nòt: Ou kapab sèvi avèk fèy kalkil la pou fè kalkil, tankou : antre = B1 + B3 nan yon selil fèy kalkil la pou w ka jwenn sòm sifas B_1 + sifas B_3. Si ou vle bay non, mete li anndan gimè. Egzanp, tape "Sifas B_1" nan yon selil. Fèy egzèsis sa a se yon senp adaptasyon apati fèy egzèsis Judah Schwartz te kreye ki gen menm non an : https://tube.geogebra.org/user/profile/id/25758